Event box

COVID-19 Vaccine Information in Haitian Creole

COVID-19 Vaccine Information in Haitian Creole In-Person

Nou envite ou nan yon sesyon enfòmasyon konsènan vaksen COVID-19 yo.  Nou gen on ekip panelis pou pale sou kesyon moun genyen souvan konsènan vaksen yo, tankou sekirite ak efikasite lejann yo,  epi yo pral pataje dènye enfòmasyon ki pi ajou yo konsènan kimoun ki kalifye pou pran vaksen yo ak koman pou pran yon randevou. Patisipan yo pral gen posibilite pou poze kesyon tou.  

Panelis yo se Sonnly Ribourg, PA , Jean Bernard Jeune, Dominique Jean, RN., BSN.  Yo ap reponn tout kesyon  an kreyol pou tout moun ka konprann. Fok ou rejistre pou ou patisipe.  Le'w fini rejistre, nap voye a link zoom 24èdtan anvan nou komanse.  Si ou paka vini, ou byen si ou paka rete tout tan an, nap anrejistre evènman pou pèmèt moun ka gade li apre; se sèlman panelis yo ki pral parèt nan videyo pandan nou ap swiv enfòmasyon sou Zoom.

 

Men Panelis yo:

Sonnly Ribourg se yon Doktè-Adjwen ki ap pratike lamedsin nan CHA Malden Family Medicine Center depi 6zan edmi. Li te antre nan CHA aprè li te pran diplòm li nan Mass College of Pharmacy and Health Services University an 2014. Li fèt epi yo grandi ann Ayiti epi pasyon li swe swen sante prevantif.

Jean Bernard Jeune se kowòdonatè Sèvis Ayisyen Cambridge la pou Depatman Sèvis Imen yo nan Sant Milti-Sèvis la, yon òganizasyon ki sèvi de lyezon pou ede moun ki fenk rive yo konprann fason pou viv Ozetazini ak sistèm prestasyon sèvis la. Jean itilize eksperyans nan travay li ak yon atitid pozitiv pou ede kliyan li yo amelyore lavi yo epi patisipe nan pwòp kominote yo. Li gradye nan UMass/Boston ak yon diplom nan Sèvis Imen/Planifikasyon epi li te pran Metriz li nan Lasell University.

Dominique Jean, RN, BSN, se yon Enfimyè Sante nan Lekòl ki travay pou Depatman Sante Piblik Cambridge la. Pandan evolisyon pandemi a, li te patisipe tou antanke Responsab Retrasaj Kontak Kominotè pou COVID-19 epi li se yon resous pou prevansyon COVID-19 onivo lekòl la kote li ensiste sou tès siveyans pou pwofesè ak pèsonèl administratif la; tès angwoup pou elèv yo; epi tès COVID-19 pou elèv yo ki gen sentom. Dominique se yon Minis Piblik Òdone nan legliz; nan kapasite sa a, l ap travay pou ogmante konsyantizasyon sou enpòtans vaksinasyon kont COVID-19 pami lidèlegliz ak gwoup konfesyonèl yo.

Date:
Wednesday, May 19, 2021
Time:
6:00pm - 7:00pm
Time Zone:
Eastern Time - US & Canada (change)
Branches:
Virtual
Audience:
  Adult  
Categories:
  City Event     Feature     Highlight     Presentation/Lecture  
Registration has closed.

More events like this...